⭕️ENFO | Premye minis Alix Didier Fils-Aimé reyini nan Primati, Mèkredi 20 Me 2026 la, avèk tout gwo responsab nan Lapolis, wo eta majò Lame Dayiti, Minis Defans ak responsab Fòs Represyon Gang yo, pou pale sou sitiyasyon sekiritè nasyonal la, epi pran nouvèl mezi ofansiv pou entansifye batay pou repran kontwòl teritwa gwoup ak zam yo okipe. Rankont estratejik sa a kap fèt dezòmè chak mèkredi, se ap okazyon pou etabli yon mekanis pèmanan evalyasyon, koòdinasyon ak preparasyon entèvansyon ant divès fòs sekirite yo. Nan yon kominike Primati mete deyò, gouvènman Ayisyen an di operasyon PNH avèk sipò Fòs Lame Dayiti🇭🇹epi Fòs Represyon Gang yo pral ranfòse, entansifye epi kontinye san kanpe, jiskaske otorite leta retabli totalman nan tout zòn afekte yo. « Gouvènman an anonse yon politik zewo tolerans kont gang ak zam yo, kont moun kap bay sipò lojistik, moun kap finanse, ak tout sila yo ki patisipe dirèk ou endirèk nan kenbe ensekirite a an Ayiti. Okenn teritwa pap anandone ! Okenn konplisite pap tolere ! Okenn finansman kriminèl pap rete san li pa pini », se sa Alix Didier Fils-Aimé deklare |